Nouvo mezi pou sekirite ak lasante nan peryod Kowona a.

​Pandan ke Komisyon Imigrasyon ak Refijye Kanada (KIR) ap reprann odyans yo sou plas, men kèk desizyon enpòtan pou lasante ak sekirite ki pran pou pwoteje patisipan, anplwaye ak vizitè ki nan odyans yo.

Avan odyans lan : Tout moun k ap parèt devan Komisyon Imigrasyon dwe ranpli Kestyonè evalyasyon pèsonèl la; yap fè sa lè yo fenk resevwa Lèt Konvokasyon an, yap fèl ankò lè yo rive nan biwo Komisyon an. Evalyasyon sa a ap chache konnen :

  • Si oumenm osnon yon moun wap viv avè l gen kèk sentòm, ou
  • Si ou te pwòch ak yon moun ki te fèk deklare maladi Korona a

Si nan 2 semenn aprè ou finn vizite Biwo Imigrasyon pou odyans, ou konstate ke tès di ou fè Kowona, fè responsab sante piblik yo konnen ke ou te vizite biwo Komisyon Imigrasyon.

Ou pa bezwen fè otorite yo konnen pou ki rezon ou te vizite Komisyon Imigrasyon.

Lè ou rive nan odyans lan

Ou dwe rive 30 minit avan lè odyans lan ki nan Lèt Konvokasyon an.

Lè w rive, mezi distans fizik yo ap an plas :

  • Ou dwe mete mask òdinè nan tout espas piblik yo, e si w bezwen yon mask, ou ka mande l. Si w pa ka mete mask, silvouplè Kontakte Seksyon Imigrasyon ki nan rejyon ou an avan w vin nan odyans lan pou yo ka fè bonjan aranjman alavans.
  • Toujou kenbe 2 mèt distans ant oumenm ak lot moun yo.
  • Swiv tout mak direksyon ki trase atè a, tout pano ki sou miray yo ak tout enstriksyon ke anplwaye Komisyon Imigrasyon yo ak Sekirite yo bay.
  • Nap dezenfekte tout espas piblik la souvan pandan tout jounen an.

Tout vizitè dwe ranpli kestyonè evalyasyon pèsonèl la lè yo rive.

Men moun ki pa bezwen mete mask

  • Timoun ki gen mwens ke 2 zan.
  • Moun ki gen yon maladi ki anpeche li mete mask. Pami maladi sa yo, nou jwenn :
    • Pwoblèm medikal, maladi mantal, maladi entèlèktyèl ak andikap ki anpeche moun nan mete mask ou kouvri vizaj li.
    • Pwoblèm medikal ki fè moun nan paka respire.
    • Moun ki mal pou tande ou ki ap kominike ak yon moun ki gen difikilte pou tande kote li bezwen wè bouch moun k ap pale ak li a pou l ka konprann.
  • Moun ki pa kapab mete osnon retire mask li pou kont li.
  • Moun ki bezwen aranjman ak akomodasyon nesesé ki annako ak Lwa Kanadyen sou Dwadelom.

Lè w antre nan buildin’ nan.

 
  • Swiv tout endikasyon ak tras ki bay pou rive nan asansè yo ou nan sal odyans lan.

Asansè yo


 
  • Mezi sekirite yo ap sou plas tankou mwens moun nan asansè yo. Silvouplè swiv tout enstriksyon sou itilizasyon asansè yo.
  • Pou sekirite tout moun, y ap dezenfekte asansé yo regilyèman.

Gran ale, koulwa ak sal datant yo

 
  • Lè w rive nan biwo odyans lan, y ap mande w pou pran liy e prezante yon pyès idantite.
  • Sekirite a ap mande w pou dezenfekte men w yo aprè lè w fin ranpli kestyonè lasante a. Y ap pran tanperati ou ak yon kamera anfrawouj san kontak.
  • Si w gen pwoblèm ak youn nan kondisyon sekirite lasante yo ou si kamera a jwenn ke tanperati w pi wo ke nomal, odyans ou a ka ranvwaye.
  • Yon sekirite ka akonpaye w osnon li ka ba w direksyon pou w rive nan biwo enskripsyon osnon nan sal odyans lan. Sonje pou w swiv tout mak direksyon yo epi kenbe distans ou. Swiv tout direksyon ke anplwaye biwo yo bay nan biwo anrejistreman an lè w gen w bay osnon ranpli dokiman.

Sal odyans

 
  • Apati eksperyans ki fèt e sou baz komantè ke plizyè patisipan fè, Komisyon Imigrasyon ap rekomanse odyans sou plas yo, ak komisè, entèprèt nan menm sal odyans ak avoka e moun k ap mande azil la. Si gen kèk odyans ki gen plis patisipan, odyans lan ka fèt nan 2 sal separe ki ap travay pa videokonferans.
  • Apati lendi 14 septanm, tout moun dwe mete mask odinè tout tan yo anndan sal odyans yo, menm jan tou lè y ap temwaye, fè pledwari, sof moun ki eksepte yo. Moun ki ta vle pa mete mask, yo ta dwe fè demann nan bay prezidan odyans lan.
  • Sal odyans yo dezenfekte avan odyans lan komanse ak aprè lè tout moun fin ale.
  • Sekirite a va akonpaye w jis nan sal odyans lan e li va mennen w kote w ap chita a.
  • Nan sal odyans la, ou dwe kenbe distans ou ak lot yo. Ap gen vit pwoteksyon nan tout sal yo. Enstalasyon mikwo yo refèt pou pèmèt yon meyè anrejistreman. Pale klè e a otvwa dèyè vit la pou pèmèt moun k ap pran desizyon an tande.
  • Selon volonte prezidan odyans lan, yo kab mande yon moun pou l anlve mask li pou yon ti tan – par egzanp pou l bay plis eksplikasyon sou yon bagay ke yo pa byen tande – tou sa pou bonjan konpreyansyon.
  • Sivouplè, toujou dezenfekte men ou lè wap rantre osnon lè wap kite sal odyans lan. Ap gen dezenfektan nan tout antre yo ak sou tab la tou.
  • Depi odyans lan fini, sekirite a va mande w pou sòti nan sal la e kite bildin’ nan imedyatman posib. Lè w ap sòti, ou va toujou swiv endikasyon yo e toujou kenbe mask ou nan figi w.

Twalèt piblik ak fontèn dlo yo

 
  • Gen diminisyon nan kantite moun ki pou anndan twalèt yo an menm tan. Swiv tout sa ki di sou pano ak endikasyon yo.
  • Silvouplè sonje lave men w souvan ak savon e dlo pou omwens 20 segonn, espesyalman lè w sot nan twalèt.
  • Nan fontèn dlo yo gen kèp ki disponib e fontèn yo dezenfekte regilyèman. Pote pwòp boutèy dlo pa w si ou pa alèz ak fontèn nan.