Kestyonè pèsonèl sou Korona

​Pou tout moun k ap parèt an pèsonn devan Komisyon Imigrasyon ak Refijye a pou odyans :
Ou dwe ranpli kestyonè sa a ki pèmèt ou evalye tèt ou :

  • 14 jou avan jou odyans lan ; ak
  • Si ou menm osnon nenpòt moun k ap viv avè w gen youn’ nan sentòm ki site nan kestyon 4 la, nan peryod 14 jou avan odyans lan.
  1. Eske yon doktè, yon moun k ap bay swen, ou yon oganis sante piblik te mande w pou izole tèt ou (tankou rete lakay ou) jodi a?
  2. Wi Non

  3. Eske pandan 14 jou ki sot pase la yo, ou te fè tès Korona, epi rezilta ou bay ke ou fè maladi sa a?
  4. Wi Non

  5. Eske w ap tann rezilta tès Kovid?
  6. Wi Non

  7. Eske ou menm ou nenpòt moun k ap viv ak ou genyen youn’ nan sentòm sa yo pandan 14 jou ki sòt pase la yo?
  8. Yon tous ki fenk parèt ou ki agrave

    Wi Non

    Esoufman (souf ou kout)

    Wi Non

    Gòj fè mal

    Wi Non

    Nen kap kouri dlo, wap etenye, nen bouche
    (san se pa lòt koz tankou alèji sezon ak nen kap degoute ki fè sa)

    Wi Non

    Vwa anwe

    Wi Non

    Difikilte pou vale

    Wi Non

    Difikilte pou pran sant ak pou pran gou ki fèk parèt

    Wi Non

    Vomi, anvi vomi, dyare, vant fè mal

    Wi Non

    Fatig ak malèz san rezon

    Wi Non

    Frison

    Wi Non

    Tèt fè mal

    Wi Non

​​
  1. Eske pandan 14 jou ki sot pase la yo ou te vwayaje aletranje osnon ou te gen kontak pwòch ak yon moun ki te vwayaje?
  2. Wi Non

  3. 6. Eske w gen lafyèv?
  4. Wi Non

  5. 7. Pandan 14 jou ki sot pase la yo, eske ou te an kontak pwòch ak yon moun ki gen maladi pa ka respire ou ki gen Korona osnon ki ta sanble gen Korona?
  6. Wi (al nan kestyon 8) Non

  7. 8. Eske ou te mete bonjan abiman osnon bonjan pwoteksyon ki rekòmande ou ki nesesè pou travay ou tap fè a (pa egzanp linèt, gan, mask, blouz, mask medikal N95 ak pwosedi medikal ki bay vapè) lè w te an kontak pwòch ak moun ke yo sispèk ou ki ta vrèman genyen Korona a?
  8. Wi Non

Si ou reponn “Wi” pou youn nan kestyon 1 rive sou 6, pa ale nan Komisyon Imigrasyon. Kontakte imediatman Seksyon Pwoteksyon Refijye a yo va ba w yon lòt dat odyans.

Si ou reponn “Wi” pou kestyon 7 la e “Non” pou kestyon 8 lan, pa ale nan Komisyon Imigrasyon. Seksyon Pwoteksyon Refijye a imedyatman. ​Yo va gade si odyans lan ka fèt menm dat la ak menm lè a men adistans. Si se pa posib n ap ba ou yon lot dat odyans.